Kouman pou m ajoute yon konjwen oubyen patnè nan Ab Familyal?

Ou ka ajoute yon lòt konjwen dirèkteman apati paj manm fanmi oubyen zansèt ou. Ou ka ajoute yon konjwen oubyen yon patnè dirèkteman apati paj Premye Zansèt la.

Etap yo (website)

Afichaj Landscape, Portrait, Fan Chart (fòm Evantay), ak Desandans

  1. Nan meni ki anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn moun nan abe la ou vle ajoute konjwen pou li a.
  3. Klike sou nonmoun nan. Nan detay ki monte a, klike sou non moun nan ankò. Yo pral redirije w nan paj moun nan.
  4. Klike sou tab Detay la.
  5. Glise desann sou seksyon Manm Fanmi an.
  6. Anba Konjwen ak Pitit yo, klike sou Ajoute Konjwen.
  7. Antre enfòmasyon konsènan konjwen an, epi klike sou Suivan, ki disponib apre w klike so Desede. (Si w konnen ID konjwen an, klike sou Dapre Nimewo ID.)
    • Opsyon Adisyonèl Jwenn, ki anba meni Ajoute Konjwen an ba ou yon opsyon pou w chèche konjwen a avèk paran yo, oubyen si sa aplike, premye konjwen yo. Enfòmasyon adisyonèl sa a ka fè l pi fasil pou w jwenn yon match nan Ab Familyal.
  8. Si Ab Familyal jwenn moun ki parèy nan rechèch ou a, l ap mete yo sou lis. Endike si w bezwen ajoute yon moun ki matche oubyen kreye yon nouvo:
    • Si moun nan deja nan Ab Familyal, klike sou Ajoute Match.
    • Si moun nan pako nan Ab Familyal, klike sou Kreye Moun.
    • Pou ajiste rechèch ou a, klike sou Rafine Rechèch.

Koudèy sou Premye Zansèt

  1. Konekte nan FamilySearch, apresa klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Navige al sou moun ou vle ajoute konjwen pou li a.
  3. Anlè foto moun nan, klike sou senbòl + la.
  4. Klike sou Ajoute Konjwen.
  5. Antre enfòmasyon konsènan konjwen an, epi klike sou Suivan, ki disponib apre w klike so Desede. (Si w konnen ID konjwen an, klike sou Dapre Nimewo ID.)
    • Opsyon Adisyonèl Jwenn, ki anba meni Ajoute Konjwen an ba ou yon opsyon pou w chèche konjwen a avèk paran yo, oubyen si sa aplike, premye konjwen yo. Enfòmasyon adisyonèl sa a ka fè l pi fasil pou w jwenn yon match nan Ab Familyal.
  6. Si Ab Familyal jwenn moun ki parèy nan rechèch ou a, l ap mete yo sou lis. Endike si w bezwen ajoute yon moun ki matche oubyen kreye yon nouvo:
    • Si moun nan deja nan Ab Familyal, klike sou Ajoute Match.
    • Si moun nan pako nan Ab Familyal, klike sou Kreye Moun.
    • Pou ajiste rechèch ou a, klike sou Rafine Rechèch.

Etap yo (app mobil)

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, navige al nan paj Pèsonèl moun ou vle ajoute konjwen pou li a.
  2. Tape sou tab Konjwen an.
  3. Tape sou Ajoute Konjwen.
  4. Antre enfòmasyon konsènan konjwen an, epi tape sou Kontinye. (Si w konnen ID konjwen an, tape sou Ajoute dapre ID oubyen Jwenn dapre ID.)
  5. Revize rezilta rechèch ou yo. Si w jwenn ekonjwen ki korèk la, tape sou Ajoute Match.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, tape sou Pa Matche
  7. Revize antre w la epi tape sou Ajoute obyen Ajoute Moun Sa a pou kreye yon nouvo rejis.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

  1. Konekte nan Ab Familyal Senplifye a, apresa, navige al nan paj Pèsonèl moun ou vle ajoute konjwen pou li a.
  2. Klike sou Gade Fanmi.
  3. Anba Konjwen ak Pitit, klike sou Ajoute Konjwen oubyen Ajoute Yon Lòt Konjwen.
  4. Antre enfòmasyon konsènan konjwen an, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID konjwen an, klike sou Jwenn dapre Nimewo ID.)
  5. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn konjwen ki kòrèk la, klike souk Ajoute Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch ou yo, klike sou Kreye Moun.

Atik ki gen relasyon

Yon moun nan Ab Familyal la gen yon konjwenki pa pou li.
Kouman pou m retabli yon relasyon ki efase nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute fanmi ki vivan a yon moun nan Ab Familyal?
Kouman pou m presize relasyon byolojik, pa alyans, adoptif, ak adopsyon nan AbRasin Familyal?
Kouman pou m chanje pozisyon yon paran oubyen epou pou m chanje ekspoze liy familyal nan Ab Familyal?

Èske sa te itil?