Kouman pou m ajoute yon zansèt ki deja nan Ab Familyal nan asandans mwen?

Li posib ke zansèt ou yo ka deja egziste nan bazdone FamilySearch la. Men fason pou ajoute rejis ki deja egziste sou pati pa w la nan Ab la.

Etap yo (sit entènèt)

Afichaj Landscape, Portrait, Fan Chart (an Evantay), ak Desandans

  1. Nan meni anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn moun nan ab la ke w vle amelyore a.
  3. Klike sou nonmoun nan. Nan detay ki parèt yo, klike sou non moun nan ankò. Y ap dirije w nan paj moun sa a.
  4. Klike sou tab Detay la.
  5. Glise desann ale sou seksyon Manm Fanmi an.
  6. Ou ka ajoute ak konekte yon moun ki egziste nan Ab Familyal nan itilize 1 nan fonksyon sa yo:
    • Klike sou Ajoute Paran.
    • Klike sou Ajoute Pitit.
    • Klike sou Ajoute Konjwen.
  7. Antre enfòmasyon konsènan zansèt ou a, epi klike sou Suivan. Si w konnen ID moun nan, klike sou Selon Nimewo ID a.
    • Lè w ap antre enfòmasyon, ou dwe enkliomwen yon non fanmi, endike sèks moun nan, epi theke Desede.
  8. Revize rezilta rechèch la. Si w jwenn moun ki kòrèk la, klike sou Ajoute Moun.
  9. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Nouvo.

Gade Premye Zansèt

  1. Pandan w konekte nan FamilySearch, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn fanmi moun ou vle ajoute a.
  3. Klike sou + senbòl ki sou bò anlè dwat la.
  4. Klike sou yonn nan opsyon sa yo:
    • Ajoute timoun
    • Ajoute Konjwen
    • Ajoute Paran
  5. Antre enfòmasyon konsènan zansèt ou a, epi klike sou Suivan. Si w konnen ID moun nan, klike sou Selon Nimewo ID a.
    • Lè w ap antre enfòmasyon, ou dwe enkliomwen yon non fanmi, endike sèks moun nan, epi theke Desede.
  6. Revize rezilta rechèch la. Si w jwenn moun ki kòrèk la, klike sou Ajoute Moun.
  7. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Nouvo.

Etap yo (app mobil)

  1. Nan app Ab Familyal la, tape sou non moun ou ajoute yon manm fanmi pou li a.
  2. Ou ka ajoute ak konekte yon moun ki egziste nan Ab Familyal la si w itilize yonn nan 2 tab sa yo:
    • Pou ajoute yon konjwen oubyen yon pitit, tape sou Konjwen.
    • Pou ajoute yon paran oubyen frè ak sè, tape sou Paran.
  3. Antre enfòmasyon konsènan zansèt ou a, epi tape sou Kontinye. Si w konnen ID endividi a, tape sou Ajoute selon ID oubyen Jwenn selon ID.
  4. Revize  rezilta rechèch yo. Si w jwenn moun ki kòrèk la, tape sou Ajoute Parèy.
  5. Si w pa wè moun nana nan rezilta rechèch yo, tape sou Pa Gen Parèy
  6. Revize antre w la, epi tape sou Ajoute oubyen Ajoute Moun Sa a.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

  1. Pandan w konekte nan Ab Familyal Senplifye a, klike sou non moun ou vle ajoute yon relasyon dirèk pou li a.
  2. Klike sou Gade Fanmi.
  3. Ou ka ajoute ak konekte yon moun ki egziste nan Ab Familyal nan itilize 1 nan detay sa yo:
    • Klike sou Ajoute Paran.
    • Klike sou Ajoute Pitit.
    • Klike sou Ajoute Konjwen.
  4. Antre enfòmasyon konsènan zansèt ou a, epi klike sou Suivan. Si w konnen ID moun nan, klike sou Jwenn Selon Nimewo ID.
  5. Revize rezilta rechèch la. Si w jwenn moun ki kòrèk la, klike sou Ajoute Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Moun.

Atik ki an rapò

Kouman pou m ajoute fanmi ki vivan pou yon moun nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute yon manm fanmi nan Asandans la nan Ab Familyal?
Kouman pou m retabli yon relasyon ki efase nan Ab Familyal?

Èske sa te itil?