Kouman pou m ajoute yon paran nan Ab Familyal?

Yonn nan fason pi dirèk pou ajoute paran se konekte yo a yon pitit ki deja nan ab ou a. Ou ka ajoute paran yo tou, dirèkteman soti sougade Premye Zansèt la.

Etap yo (sit entènèt)

Afichaj Landscape, Portrait, Fan Chart (fòm Evantay), ak Desandans

  1. Nan meni ki anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn pitit ou vle ajoute sou paran yo.
  3. Klike sou nonpitit la. Nan detay ki monte yo, klike sou non pitit la ankò. Yo pral redirije w sou paj moun nan.
  4. Klike sou Tab Detay la.
  5. Glise desann sou seksyon Manm Fanmi yo.
  6. Anba Paran ak Frè ak Sè yo, klike sou Ajoute Paran.
  7. Antre enfòmasyon konsènan paran an, epi klike sou Suivan, ki disponib apre w fin klike sou Desede. (Si w konnen ID paran an, klike Dapre Nimewo ID.)
  8. Si Ab Familyal jwenn moun ki matche avèk rechèch ou a, l ap mete yo sou lis. Endike si w bezwen ajoute yon moun ki matche oubyen kreye yon nouvo:
    • Si moun nan deja nan Ab Familyal, klike sou Ajoute Match.
    • Si moun nan pa nan Ab Familyal, klike sou Kreye Moun.
    • Pou ajiste rechèch ou a, klike sou Rafine Rechèch.

Gade Premye Zansèt

  1. Pandan w konekte nan FamilySearch.org, klike sou Ab Familyal, epi apre klike sou Ab.
  2. Navige ale sou pitit paran ou vle ajoute a.
  3. Anlè foto moun nan, klike sou + senbòl la.
  4. Klike sou Ajoute Paran.
  5. Antre enfòmasyon konsènan paran an, epi klike sou Suivan, ki disponib apre w fin klike sou Desede. (Si w konnen ID paran an, klike Dapre Nimewo ID.)
  6. Si Ab Familyal jwenn moun ki matche avèk rechèch ou a, l ap mete yo sou lis. Endike si w bezwen ajoute yon moun ki matche oubyen kreye yon nouvo:
    • Si moun nan deja nan Ab Familyal, klike sou Ajoute Match.
    • Si moun nan pa nan Ab Familyal, klike sou Kreye Moun.
    • Pou ajiste rechèch ou a, klike sou Rafine Rechèch.

Etap yo (app mobil)

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, navige al sou paj Pèsonèl timoun ou vle ajoute paran pou li a.
  2. Tape sou tab Paran yo.
  3. Tape sou Ajoute Paran.
  4. Antre enfòmasyon konsènan paran an, epi tape sou Kontinye. (Si w konnen ID a, tape Ajoute dapre ID oubyen Jwenn dapre ID.)
  5. Revize rezilta rechèch yo Si w jwenn paran ki kòrèk la, tape sou Ajoute Match.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, tape sou Pa Matche.
  7. Revize antre w la, epi tape sou Ajoute oubyen Ajoute Moun Sa a pou kreye yon nouvo rejis.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

  1. Pandan w konekte nan Ab Familyal Senplifye a, navige al sou paj Pèsonèl timoun ou vle ajoute paran pou li a.
  2. Klike sou Gade Fanmi.
  3. Anba Paran ak Frè ak Sè yo, klike sou Ajoute Paran oubyen Ajoute Yon Lòt Paran.
  4. Antre enfòmasyon paran an, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID paran an, klike sou Jwenn dapre Nimewo ID.)
  5. Revize rezilta rechèch yo Si w jwenn paran ki kòrèk la, klike sou Ajoute Moun. Si w jwenn manman asanm avèk papa, klike sou Ajoute Koup.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Moun.

Atik ki gen relasyon

Kouman pou m ajoute yon pitit nan Ab Familyal?
Yon moun nan Ab Familyal gen konjwen ki pa kòrèk
Kouman pou m idantifye relasyon byolojik, pa alyans, adoptif, ak adopsyon nan Ab Familyal?
Kouman pou m retabli yon relasyon ki efase nan Ab Familyal?
Kouman pou m chanje pozisyon paran oubyen konjwen pou chanje liy familyal ki afiche nan Ab Familyal?

Èske sa te itil?