Kouman pou m ajoute yon pitit nan Ab Familyal?

Youn nan fason ki pi dirèk pou ajoute yon pitit nan Ab Familyal se konekte l avèk paran yo.

Etap yo (sit entènèt)

Gade Landscape, Portrait, Fan Chart (fòm Evantay), ak Desandans.

  1. Nan meni anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn paran pitit ou vle ajoute a.
  3. Klike sou nonparan an. Nan detay ki monte a, klike sou non paran an ankò. Yo pral redirije w al sou paj moun nan.
  4. Klike sou tabDetay la.
  5. Glise desann al nan seksyon Manm Fanmi an.
  6. Anba Konjwen ak Pitit, klike sou Ajoute Pitit. (Si Ajoute pitit pa parèt, klike sou flèch desann bòkote Pitit yo anba kazye koup la.)
    • Si w pa konnen yonn nan paran pitit la, klike sou Ajoute Pitit la avèk Manman nou pa Konnen an oubyen Papa. Ajoute detay nan yon nòt oubyen nan Istwa Lavi moun nan.
  7. Antre enfòmasyon konsènan pitit la, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID pitit la, klike Dapre Nimewo ID.)
  8. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn pitit ki kòrèk la klike sou Ajoute Moun.
  9. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Nouvo.

Gade Premye Zansèt

  1. Konekte nan FamilySearch epi klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn paran pitit ou vle ajoute a.
  3. Klike sou senbòl + ki sou anlè dwat foto yo a.
  4. Klike sou Ajoute Pitit.
  5. Antre enfòmasyon konsènan pitit la, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID pitit la, klike Dapre Nimewo ID.)
  6. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn pitit ki kòrèk la klike sou Ajoute Moun.
  7. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Nouvo.

Etap yo (app mobil)

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, navige al sou paj Pèsonèl yonn nan paran yo.
  2. Tape sou tab Konjwen yo.
  3. Si w wè plis pase yon konjwen, tape sou flèch desann nan bòkote non konjwen ki apwopriye a.
    • Kouramman, app mobil la pa gen opsyon pou ajoute yon pitit pou yon paran ki san yon konjwen. Visite sit entènèt la pou opsyon.
  4. Tape sou Ajoute Pitit.
  5. Antre enfòmasyon konsènan pitit la, epi tape sou Kontinye. (Si w konnen ID pitit la, tape sou Ajoute dapre ID oubyen Jwenn dapre ID.)
  6. Endike si endividi a vivan oubyen desede, apresa tape sou Kontinye.
  7. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn timoun ki kòrèk la, tape sou Ajoute Match.
  8. Si w pa wè moun nan na rezilta rechèch yo, tape sou Pa Matche
  9. Revize antre w la, epi tape sou Ajoute oubyen Ajoute Moun Sa a.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

  1. Pandan w konekte nan Ab Familyal Senplifye a, navige al nan paj Pèsonèl yonn nan paran yo.
  2. Klike sou Gade Fanmi.
  3. Anba Konjwen ak Pitit, ki anba konjwen ki apwioriye a, klike sou Ajoute Pitit.
    • Family Tree Lite pa gen opsyon pou ajoute yon frè ak sè san paran. Vizite sit entènèt antye a pou opsyon sa a.
  4. Antre enfòmasyon konsènan pitit la, epi klike sou Suivan. (Si w konnen ID pitit la, klike sou Jwenn Dapre Nimewo ID.)
  5. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn pitit ki kòrèk la klike sou Ajoute Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, klike sou Kreye Moun.

Konsèy

Marasa oubyen plizyè bebe

  • Ajoute yo chak kòm yon endividi separe. 
  • Pa ajoute mo "marasa" nan non an. Okontrè, ou ka presize l nan Lòt enfòmasyon, Istwa Lavi a, ounyen seksyon Nòt yo nan paj Pèsonèl pou chak endividi.
  • Menmsi yo ajoute nan yon lòd patikilye, timoun yo ka parèt yo pa nan lòd. Si de moun gen menm dat nesans, sistèm nan prezante yo alfabetikman. Ou pa ka chanje lòd la. 
  • Si marasa yo mouri san yo pa gen non, antre non fanmi an sèlman avèk dat nesans Pou evite fizyone yo pita sou aparans rejis diplike, ou ka suiv etap sa yo:
    • Antre enfòmasyon nan Istwa Lavi a pou yo chak pou eksplike sitiyasyon an.
    • Kreye yon nòt pou yo chak pou eksplke sitiyasyon an.
    • Tcheke pou wè si gen diplikata, epi make marasa yo kòm Pa yon Match avèk yon deklarasyon rezon ki klè. 

Pitit ki pa lejitim

  • Ou ka konekte yo a paran byolojik yo endividyèlman, oubyen kòm yon koup
  • Pa ajoute onkenn enfòmasyon maryaj pou koup la. Mete enfòmasyon ki enpòtan yo nan yon nòt oubyen yon Istwa Lavi.
  • Aktyèlman, Ab Familyal bay senk kalite relasyon ant paran ak pitit: Adopte, Biolojik, Gadyen, De-pasaj , ak Pa Alyans. Sistèm nan asime yon relasyon byolojik. Ou ka presize yon kalite relasyon diferan pou plizyè gwoup paran.

Atik ki an rapò

Kouman poiu m ajoute paran nan Ab Familyal?
Kouman pou m presize relasyon biolojik, pa alyans, adoptif, ak de-pasaj nan Ab Familyal?
Kouman pou m retabli yon relasyon ki efase nan Ab Familyal?

Èske sa te itil?