M pa konnen dat egzat pou m mete nan Ab Familyal

Si w pa konnen dat egzat, ou ka kite l nan anviwon dat oubyen tan ane ki baze sou lòt enfòmasyon.

Dat enkonplè

Si w pa konnen yon dat agzat, ou ka antre dat enkonplè a konsa:

  • 1988
  • Out 1988.

Dat kalkile oubyen estime

Si w pa konnen yon dat, petèt ou ka kalkile yonn. Pa ezanp, ou ka kalkile yon dat nesans baze sou rejis laj moun lan nan epòk evènman an. Konsa, si yon resansman 1860 anrejistre yon moun kòm timoun dezan, ou ka kalkile ane nesans la kòm 1858. Nan Ab Familyal, ou ka antre dat kalkile a nan yonn nan fason sa yo:

  • 1858
  • Kalkile 1858

Dat lamò

Ou ka estime ane yon evènman tou, baze sou lòt enfòmasyon. Nan Ab Familyal, ou ka antre yonn nan mo suivan yo avèk estimasyon ane a:

  • Anvan
  • Apre
  • Konsènan [Apeprè, Anviwon]

Egzanp sa yo se sou fason ou ka estime yon dat.

  • Ou gen enfòmasyon ke yon zansèt te mouri pandan Premye Lagè Mondyal. Dat lanmò a ta ka apwoksimatif tankou anviwon 1914 (dat kòmansman lagè a; ou ta ka anrejistre yon lòt ane lagè a tou si w te konnen moun nan te mouri nan mitan oubyen nan fen lagè a).
  • ​Ou gen enfòmasyon ke yon zansèt te mouri anvan Lagè Mondyal la te kòmanse. Dat lanmò a ta ka apwoksimativman Anvan 1914.
  • Ou gen yon dat maryaj, men, pa yon dat nesans. Ou ka kalkile ane nesans yo apati ane maryaj la. Asonpsyon jeneral ki itilize pou sityasyon sa a, sèke yon gason marye nan laj 25 ane epi yon fi nan laj 21. Konsa, si w gen yon dat maryaj an 1875, ou ka anrejistre dat nesans mari a a anviwon 1850 epi dat nesans madanm nan an 1854. (Sa yo se règ jeneral epi yo baze toupiti sou kilti, epòk oubyen peyi.)
  • Ou konnen yon dat maryaj, men, pa dat nesans pitit epou [konjwen] yo. Ou ka itilize yon ane apwoksimatif pou nesans pitit sa yo. Estime nesan premye pitit la kòm yon ane apre maryaj paran yo epi pitit apre yo te fèt chak dezan apre sa. Pa egzanp, si yon koup te marye an in 1800 epi yo te gen de pitit, dat apwoksimatif nesans premye pitit la t ap Anviwon 1801 epi dat apwoksimatif dezyèm pitit la t ap anviwon 1803.
  • Ou ka itilize konesans familyal oubyen tradisyon kòm sous pou dat. Pa egzanp, si tradisyon fanmi di konsa yon zansèt te gen 16 zan lè l te marye an 1876, ou ka kalkile ane nesans la a Anviwon 1860.

Entèval dat

Ou konnen yon evènman pase nan yon peryòd tan byen presi. Nan ka sa a, antre dat ki pi bonè a ak dat ki pi ta a, tankou nan egzanp sa a: 1860 a 1870.

Pa gen dat lanmò

Ou konnen moun nan mouri, men, ou pa konnen dat egzat lanmò a. Klike sou opsyon Desede a epi kite espas dat la vid oubyen antre yon estimasyon ane.

Si moun nan montre yon dat lanmò epi w eseye efase l, yon erè sovgade echwe ka parèt. Itilize yonn nan fòm pou estimasyon dat la pito.

Dat ki estime ak pasyèl afekte lòd nesans pitit yo.

  • Dat ofisyalize yo detèmine lòd pitit yo oubyen plizyè epou [konjwen] sou Ab Familyal la.
  • Si w itilize yon estimasyon dat oubyen pasèl pou yon pitit oubyen epou [konjwen], yo ka parèt an dezòd. Gade Atik ki gen relasyon yo pou plis enfòmasyon.

Atik ki gen rapò

Poukisa frè ak sè zansèt mwen yo anrejistre an dezòd?
Kouman pou m antre dat ak kote nan Ab Familyal la?
Kouman pou m rezoud pwoblèm enfòmasyon nan Ab Familyal?
Chemen kout pou antre dat nan Ab Familyal
Kouman pou m antre dat ki soti nan tèks klasik Chinwa sou Ab Familyal?

Èske sa te itil?