Atache sous la ak yon moun nan Ab Jeneyalojik

Lyen Sous la sèvi ak yon senbòl Konpare an mov pou notifye w ke kolòn goch la (sous la) gen enfòmasyon ke kolòn dwat la (Ab Jeneyalojik) la manke.

attach source Top Image.png

Si ou deside ke kolòn yo dekri menm moun nan, ou kapab deplase enfòmasyon a soti sou kolòn goch la pou ale sou kolòn dwat la pou li ka parèt sou toulède kolòn yo. Se sa nou rele atache sous la sou Ab Jeneyalojik la. Annou gade kijan li mache pi pre.

  1. Avèk Lyen Sous la ouvri, klike sou Konpare Senbòlmov la. Si ou pa wè senbòl Konpare a, sous la deja atache, oubyen li pa genyen okenn nouvo enfòmasyon.  
  2. Apre ou klike sou Konpare, 2 kolòn Lyen Sous la ap elaji pou w ka wè detay yo ki sou rejis la (kolòn goch la) ak konpare yo avèk detay ki deja sou Ab Jeneyalojik (kolòn dwat la).  
  3. Yon detay ki nouvo oubyen ke ou te deja konnen ap akonpaye yon bouton plis ki vèt.  
  4. Pou ajoute detay la sou Ab Jeneyalojik la, klike sou bouton plisvèt la.  
    Attach to Person_2nd Image.png
  5. Konsidere mete yon eksplikasyon nan espas Rezon an. Eksplike poukisa ou panse rejis la se yon match ki fyab pou moun sou Ab la. Sa ap ede lòt itilizatè yo mete konfyans yo sou kontribisyon w lan.   

Kisa Etikèt Diferan mov la vle di

Nan kèk ka, detay ki sou rejis la pa vreman nouvo, men li jis diferan ak sa ou wè sou bò Lyen Sous la sou Ab Jeneyalojik. Pa egzanp, yon non ka eple diferan, oubyen dat pou yon evènman lavi enpòtan ka diferan.

Lè sa rive, ou pa p wè bouton plis vèt la. Olye de sa, detay la ap akonpaye pa yon etikèt mov avèk mo Diferan andedan li ak yon ti senbòl kreyon pou modifye enfòmasyon an nan Ab Jeneyalojik.

  • Jis paske li di Diferan sou li pa vle di nou bezwen fè yon chanjman.  
  • Si ou deside ke enfòmasyon ki sou kolòn goch la pi korèk oubyen pi konplè, klike sou senbòl kreyon an, epi fè chanjman an.  
  • Koreksyon w lan rann Ab la pi egzat ak pi fyab pou lòt itilizatè yo.  
Attach to Person_3rd Image.png

Èske sa te itil?