Ki kote m ap jwenn mesaj mwen yo?

Mesaj FamilySearch yo se yon zouti kominikasyon avèk lòt moun ki sèvi ak FamilySearch. Se atravè opsyon Voye Mesaj ou wè lè ou klike sou non yon kontribitè nan Family Tree pou voye mesaj inisyal la. Touswit mesaj inisyal la ale, ou kapab koumanse kominikasyon avèk moun sa a atravè Mesaj yo.

Tanpri sèvi ak Mesaj FamilySearch pou pataje memwa ak dekouvri plis sou zansèt ou yo. Si nan ninpòt moman ou resevwa yon mesaj ou pa vle oubyen yon mesaj ofansiv, opsyon ki anba la yo disponib pou ou:

  • Ou ka siyale mesaj la pou abi.
  • Ou ka efase mesaj la nan bwat resepsyon an.
  • Ou kapab koupe son moun ki voye mesaj la pou mesaj li pa vizib pou ou ankò.

Pou pran aksè ak Mesaj yo, asire w ou konekte.

Etap (sit entènèt)

  1. Nan kwen anwo adwat sou FamilySearch.org, klike souSenbòl Mesaj yo. Senbòl la se yon bwat dyalòg avèk twa liy orizontal ladan.
  2. Yon bwat pou revize mesaj ou yo ap parèt. Pou ale sou paj Mesaj prensipal yo, klike Montre Tout Mesaj yo.
    • Ou ka woule atravè apèsi yo ak klike sou mesaj ou ta renmen li a.

Etap (aplikasyon mobil)

  1. Ouvri aplikasyon mobil Ab Familyal la.
  2. Ouvri ekran meni an.
    • Apple: Nan kwen anba-adwat ekran an, tape 2 pwen yo.
    • Android: Nan wen anlè-agoch ekran an, tape 3 ba yo.
  3. Tape Mesaj yo
  4. Mesaj ou yo ap parèt sou ekra an. Kategori mesaj yo liste sou anlè mesaj yo. Pou chanje kategori, tape sou kategori ou vle gade a.
  5. Defile atravè lis mesaj yo jiskake w jwenn sa w vle li a. Pou li mesaj la, tape sou li.
  6. Pou reponn, rantre mesaj la nan ti bwat regtangilè ki anba ekran an.
  7. Lè w fini, tape souvoye senbòl.

Etap (Family Tree Lite)

Malerezman, Ab Familyal Senplifye a pa ofri opsyon pou voye mesaj. Tanpri itilize sit FamilySearch.org la oubyen aplikasyon Ab Familyal la pito.

Atik ki an rapò

Kijan m ka sèvi ak Mesaj FamilySearch yo?
Kijan pou m siyale abi, spam, memwa inapropriye, ak lòt kontni?
Kijan m ka efase Mesaj ki sou FamilySearch?
Kijan m ka koupe son oubyen bloke yon moun pou li pa voye m mesaj?

Èske sa te itil?