Gade imaj orijinal la ak pano moun ki akote a

Lè ou gen kesyon sou detay ou wè sou Lyen Sous la, eseye revize oswa sous imaj la oswa moun ki nan pano ki akote a pou plis enfòmasyon.

new view source Top Image.png

Gade imaj orijinal la

Imaj orijinal la se imaj dijital sous la. Nan anpil ka, li gen plis enfòmasyon ke sa ou wè sou Lyen Sous la ki kapab revele yon erè nan transkripsyon an.

Pou gade imaj orijinal la, gade nan kwen anwo agoch Lyen Sous la, epi klike sou Gade Imajla.

new View Panel_2nd Image.png

Ki diferans ki genyen ant gade rejis la ak gade imaj la?

Lè ou klike sou Gade Rejisla, ou wè yon rezime an lòd pou tout detay ki te transkri apati sous yo.

Lè ou klike sou Gade Imajla, ou wè yon imaj dijital pou sous aktyèl ki te transkri a—nan yon lòt sans, ou wè foto ak de nesans la, paj resansman an, ak de desè a, oubyen lòt dokiman istorik.

Gade pano moun ki akote a

Pano moun nan parèt lè ou klike sou non ki nan kolòn adwat sou Lyen Sous la. Pano sa a bay ou aksè sou plis enfòmasyon ki kontni sou paj moun zansèt la nan Ab Jeneyalojik.

  • Pou gade pano akote a, jwenn yon non sou kolòn adwat Lyen Sous la, epi klike sou li.
  • Oubyen klike Gade _______ (non moun nan), ki sou anlè Lyen Sous la.
new View Panel_3rd Image.png

Èske sa te itil?