Ki kote m ka jwenn nimewo rejis mwen nan Legliz la?

Si w se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ou ka jwenn nimewo rejis manm ou nan plizyè kote:

  • ChurchofJesusChrist.org ak Member Tools mobile app - Manm yo gen aksè a nimewo pa yo ak nimewo pitit ki depandan yo nan ChurchofJesusChrist.org
  • Grefye Manm yo - Gade nan  Meetinghouse Locator pou lokalizasyon chapèl yo.
  • Rezime Òdonans Endividyèl - Ou ka jwenn li nan men grefye ki responsab pou manm yo.
  • Rekòmandasyon Tanp - Nimewo rejis Legliz ou a sou rekòmandasyon tanp ou a. Si se yon ansyen rekòmandasyon tanp, l ap ekri alamen. Nouvo rekòmandasyon yo ap gen nimewo rejis la enprime sou yo. Nòt: nimewo rejis Legliz ou a se pa nimewo bakod la.

Nòt:Manm ki nouvo batize nan Legliz la resevwa yon nimewo rejis anviwon 24 èdtan apre grefye pawas, branch, distri, oubyen misyon an soumèt enfòmasyon an bay Depatman pou Manm Legliz la. Grefye a pa ka kreye yon Rezime Òdonans Endividyèl pazavan pwosedi sa a fin konplete.

Si w resevwa yon mesaj erè pandan anrejistreman an ki endike ke enfòmasyon manm ou an pa kòrèk, silvouplè, verifye ke enfòmasyon ou antre a koresponn avèk enfòmasyon ki sou Rezime Òdonans Endividyèl la (disponib nanmen grefye inite w la), epi apresa, kontakte FamilySearch Support

Èske sa te itil?