Korije enfòmasyon nan Ab Jeneyalojik ou

edit family tree Top Image.png

Detay ki sou kolòn dwat Lyen Sous la soti nan Ab Jeneyalojik. Si ou wè yon bouton Konpare an mov ki akote non moun nan, ou kapab korije kèk nan detay sa yo. Men kijan sa mache:

  1. Klike sou bouton Konpare mov la ki akote non moun ki gen detay sou Ab Jeneyalojik la ke ou ta renmen korije.
  2. Avèk detay yo elaji, chèche etikèt mov ki di Diferan an. Etikèt sa a parèt lè yon detay ki nan sous la (kolòn goch la) diferen de detay kouran ki genyen nan Ab Jeneyalojik la.
    Edit_Second Image.png
  3. Klike sou senbòl kreyon ki akote etikèt mov la.
  4. Yon bwat ki gen enfòmasyon ki soti nan Ab Jeneyalojik la ap parèt. Jwenn detay ou vle korije a, epi fè koreksyon ou yo.
  5. Klike Sovgade
Edit_Third Image.png

Si detay ou vle korije a pa genyen yon senbòl kreyon avèk li, ou ap bezwen ale sou paj moun zansèt la pou fè mizajou a.

  1. Sou kolòn adwat nan Lyen Sous la, klike sou non moun ki gen enfòmasyon sou Ab Jeneyalojik la ke ou ta renmen korije.
  2. Gade sou pano moun la ki parèt adwat ekran an, epi klike Gade Moun.
  3. Glise sou tab Detay yo jiskaske ou wè detay ou ta renmen korije a, epi klike sou senbòl kreyonan.
Èske sa te itil?