Kouman pou m antre non Chinwa nan Ab Jeneyalojik?

Antre non Chinwa yo kòrèkteman nan Ab Jeneyalojik enpòtan pou asire ke non yo afiche, fè objè rechèch, ak enprime kòrèteman.

Itilize sigjesyon sa yo pou antre non Chinwa yo nan Ab Jeneyalojik.

Nan seksyon Vital la osw anan gade premye zansèt la, antre non prensipal oswa prefere a.

Ou ka antre non yo nan paj moun nan oswa apati liyaj premye zansèt la.

  • Nan paj moun nan, Ale nan Vitals. Akote non an, klike sou senbòl Edite a . Klike Edite ankò, apresa fè chanjman yo epi klike Sovgade.
  • Sou ekran pou gade Zansèt lan, klike sou non moun nan. Yion meni detay ap monte sou adwat. Anba seksyon Fè yo, klike Ajoute Fè. Klike Non Altènatif, Non KLan, oswa Non Kas.

Lè ou antre non yon moun nan espas Hanzi a, antre siyati ak prenon ke yo te resevwa nan nesans yo. Pou fi yo, antre non jènfi a.

Itilize modèl lang Chinwa a.

Modèl lang Chinwa a gen 2 gwoup espas. Youn gwoup se pou siyati ak prenon yo te bay la. Yon gwoup separe se pou Hanzi ak Women.

Nou ka jwenn modèl lang yo nan meni dewoulan an anlè espas non yo. Chaje li soti nan kèlkeswa sa ki afiche a an Chinwa.

Family Tree—Chinese Name Template

Tape karaktè Chinwa yo pou siyati ak non yo te bay la. Sistèm nan otomatikman ajoute non an byen eple an Mandarin Pinyin snan espas Women an. Si ou vle l eple yon lòt jan, ou ka ranplase jan w prefere l eple a pou Mandarin Pinyin an.

Nan seksyon Lòt Enfòmasyon an, antre non altènatif yo.

Anrejistre tout vèsyon pou non yon moun genyen anpil benefis:

  • Ou prezève fè enpòtan yo konsènan lavi moun nan.
  • Moun nan vin pi fasil pou jwenn nan Ab Jeneyalojik. Sistèm nan enkli non altènatif yo nan rechèch la.
  • Chèchè yo ka jwenn ak rekonèt rejis istorik yon moun, menm lèrejis yo itilize vèsyon diferan pou non moun nan. 

Tip Non Altènatif

Si w ap itilize Ab Jeneyalojik an Anglè, kat tip non altènatif sa yo disponib:

  • Ke yo Konnen Tou Kòm. Egzanp yo enkli lòt non moun nna te itilize, tankou chanjman non ki asosye ak yon deplasman ale nan yon nouvo peyi.
  • Non Nesans. Itilize opsyon sa a pou anrejistre non yon moun te itilize avan yo te adopte l nan yon klan diferan.
  • Non Maryaj. Itilize opsyon sa a pou anrejistre non yon moun te itilize apre maryaj si moun nan te adopte yon non diferan.
  • Non jwèt. Itilize opsyon sa a pou anrejistre non jwèt ke paran moun nan oswa manm fanmi pwòch li te itilize.

Si w seleksyone modèl lang Chinwa a, ou genyen opsyon sa a yo tou:

  • Non Koutwazi (字). Itilize opsyon sa a pou anrejistre non yo te bay lmoun nan jsi li te rive laj adilt. Non koutwazi a te atribye pa paran moun nan oswa pa yon pwofesè prive nan premye jou lekòl. Apre maryaj, kèk fi adopte yon nin koutwazi pou itilize nan plas prenon yo a. Apre yo bay li, non koutwazi a vin ranplase prenon moun nan. 
  • Non Atis (號). Itilize opsyon sa a pou anrejistre non pwofesyonèl moun nan, psedonim, oswa non ekriven. Non sa yo te itilize pa moun ki edike, atis yo, powèt yo, ak ekriven yo. 
  • Non Tabou (諱). Itilize opsyon sa a pou anrejistre Non Tabou yon moun. Anndan kilti Chinwa a, yo itilize yon non tabou nan plas yon prenon l y ap pale oswa ekri konsnan moun ki egzalte yo. 
  • Non Apre lanmò (諡). Sa se yon non onorè ke orijinalman yo te bay wayote ak nobès yo. Nan syèk resan yo, moun òdinè te resevwa non apre lanmò tou. Non apre lanmò yo itilize preske esklizivman nan plas lòt mnon oswa tit ofisyèl yo ke moun nan te itilize pandan lavi a. 

Atik ki an rapò

Kouman pou m ajoute tinon jwèt nan Ab Jeneyalojik?
Kouman m ta dwe antre non nan Ab Jeneyalojik?
Kouman pou m antre yon non nan yon lang diferen nan Ab Jeneyalojik?
Kouman pou m antre dat ki soti nan tèks klasik Chinwa nan Ab Jeneyalojik?
Kouman pou m antre non Chinwa nan Ab Jeneyalojik?

Èske sa te itil?