Kouman pou m kreye yon kont gratis pou yon timoun?

Nenpòt moun 13 lane oubyen pi gran ka anrejistre pou yon kont FamilySearch san pèmisyon paran.

Timoun laj 8–12 lane ka anrejistre pou yon kont FamilySearch avèk pèmisyon paran yo. Kont sa a ka kreye ni nan churchofjesuschrist.org ni nan FamilySearch.org.

Timoun ki deja gen yon kont pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ka itilize non itilizatè ak modpas kont sa a pou yo konekte nan FamilySearch.org, kote y ap seleksyone bouton Konekte avèk Kont Legliz la ki sou sit la.

Bay pèmisyon nan churchofjesuschrist.org

Paran ak gadyen legal ki se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ka kreye kont ak bay pèmisyon nan churchofjesuschrist.org. Paran yo ka chanje modpas pitit yo ak efase kont pitit yo tou.

Pou enstriksyon, konekte nan kont ou nan churchofjesuschrist.org, ouvri paj kont ou a, epi klike sou Èd.

Bay pèmisyon atravè FamilySearch.org

Paran ak pitit ka kreye kont nan FamilySearch.org. tou Yo pa oblije manm Legliz la.

Pandan pwosesis sa a, paran ak gadyen legal yo ka chwazi 1 nan 3 metòd pou legalman otorize yon timoun pou l anrejistre nan FamilySearch yo.

  • Nimewo Rejis Legliz la (preferab, pou Sen Dènye Jou yo)
  • Adrès imèl
  • Nimewo tèks

Nan pwosesis pou kreye kont la, yo voye yon kòd konsantman paran nan adrès imèl paran oubyen gadyen an oubyen nan nimewo tèks li (si l pap kreye kont la avèk nimewo rejis Legliz la). W ap presize tou ke yon metòd pou retabli kont pou sizoka timoun nan bliye enfòmasyon pou l siyen an. Pou kont ki fèt avèk nimewo rejis Legliz la, menm nimewo sa a ka itilize pou rekipere l.

Rès atik sa a dekri fason pou kreye kont la avèk FamilySearch.

Etap (FamilySearch.org)

Pou kreye yon kont pou timoun ant laj 8 a 12 lane, suiv etap sa yo.

  1. Ale nan pwodui FamilySearch, epi itilize 1 nan opsyon sa yo:
    • Ale nan sit FamilySearch.org la nan yon navigatè, epi klike sou Kreye Kont.
    • Ouvri app mobil Family Tree oubyen Sovnian, epi tape Kreye Kont Gratis.
  2. Antre enfòmasyon timoun nan sou fòm pou Kreye Kont la, epi klike sou Kontinye.
  3. Kazye dyalòg ki di Pèmisyon Paran oubyen Gadyen Nesesè a ap parèt. Ou ka chwazi bay pèmisyon w atravè:
    • Nimewo Rejis Legliz (gade etap 4)
    • Mesaj Tèks (gade etap 5)
    • Imèl (gade etap 6)
  4. Si w ap antre yon nimewo rejis Legliz pou w bay konsantman paran, suiv etap sa yo.
    1. Seleksyone Itilize Nimewo Rejis Legliz Paran (preferab).
    2. Antre nimewo rejis Legliz pa w (rejis paran oubyen gadyen legal). Apresa klike sou Kontinye.
    3. Apresa, antre nimewo dosye Legliz pitit ou a, epi klike sou Kontinye.
    4. Ranpli rès pati yo nan fòm nan, epi klike sou Kreye Kont.
    5. Konekte nan kont FamilySearch la pou w konplete anrejistreman an. Si pitit ou a bliye enfòmasyon pou l konekte a, nimewo dosye Legliz la nesesè pou reki[erasyon.
  5. Pou bay konsantman paran atravè mesaj tèks, suiv etap sa yo.
    1. Itilize yon mesaj tèks nan meni rale-desann nan, seleksyone Mande paran, epi antre nimewo tèks la. Klike sou Kontinye.
    2. Ranpli rès pati yo nan fòm nan, epi klike Kreye Kont. Y ap voye yon kòd konsantman parantal nan telefòn tèks paran an.
    3. Ekran apre a ap mande kòd konsantman parantal la yo te voye bay paran oubyen gadyen an nan mesaj tèks la. Antre kòd la, epi klike sou Soumèt.
    4. Apresa, antre yon nimewo oubyen adrès imèl pou retabli kont la, sizoka pitit ou a bliye enfòmasyon pou l konekte.
    5. Si w te seleksyone retabli atravè nimewo tèks, antre kòd yo te voye sou telefòn nan, epi klike sou Soumèt.
    6. Si w te seleksyone imèI, ouvri imèl la, epi klike sou Konplete Anrejistreman.
    7. Konekte nan kont FamilySearch la pou w konplete anrejistreman an.
  6. Pou bay konsantman paran atravè imèl, suiv etap sa yo.
    1. Itilize yon imèl nan meni rale-desann nan, seleksyone Mande paran, epi antre adrès imèl la. Klike sou Kontinye.
    2. Kontinye kreyasyon kont . Ranpli rès pati yo nan fòm nan, epi klike Kreye Kont. Y ap voye yon mesaj avèk yon lyen pou konsantman parantal nan imèl paran an.
    3. Ekran suivan an ap mande kòd konsantman parantal yo te voye sou imèl paran oubyen gadyen an. Antre kòd la, epi klike sou Soumèt.
    4. Antre nimewo tèks oubyen adrès imèl pou retabli kont la, sizoka piti ou a bliye enfòmasyon pou konekte a.
    5. Si w te seleksyone retabli atravè nimewo tèks, antre kòd yo te voye sou telefòn nan, epi klike sou Soumèt.
    6. Si w te seleksyone imèI, ouvri imèl la, epi klike sou Konplete Anrejistreman.
    7. Konekte nan kont FamilySearch la pou w konplete anrejistreman.

Imèl verifikasyon oubyen tèks la pa rive

Si pèmisyon oubyen imèl verifikasyon oubyen mesaj tèk la pa rive imedyatman, pwogrè sou kont ou a sovgade pou 48 èdtan. Pandan tan sa a, ou ka fè yonn nan bagay suivan yo pou bay pèmisyon:

  • Konekte nan kont pa w la nan churchofjesuschrist.org, epi bay konsantman w nan paramèt kont ou a (pou Sen Dènye Jou yo).
  • Tcheke mesaj tèks oubyen imèl ou pou yon jounen. Si anyen pa rive, retounen nan FamilySearch.org, epi klike sou Konekte. Antre non itilizatè ak modpas ou, epi FamilySearch ap ede w fin kreye kont ou a.

Timoun nan deja gen yon kont

Si w resevwa yonn nan mesaj erè ki anba la yo, timoun nan pwobableman deja gen yon kont:

  • "Nou kwè kont sa a deja egziste."
  • "Nimewo telefòn tèks ou antre a deja itilize nan yon kont.
  • "Nimewo rejis manm sa a nan Legliz la deja itilize nan yon kont."

Nan ka sa a, klike sou Konekte. Apresa, si timoun nan te bliye non itilizatè oubyen modpas li a, fè yonn nan bagay sa yo:

  • Pou retabli non itilizatè a, klike sou Bliye Non Itilizatè.
  • Pou retabli modpas la, klike sou Bliye Modpas.
  • Si w gen pwoblèm, kèkfwa sa ede pou w chanje navigatè entènèt la, tankou Chrome, Edge, Firefox, oubyen Safari.

Atik ki anrapò

Kouman pou m mande FamilySearch re-voye yon imèl verifikasyon pou kont mwen an?
Kouman pou m mande pou yo re-voye yon kòd verifikasyon pou aktive kont FamilySearch mwen an?
Kouman pou m kreye yon kont Legliz nan itilize churchofjesuschrist.org?

Èske sa te itil?