Nouvo imaj ak sansasyon

New Look 1st image

Nou ajoute koulè sou anplil nan lyen yo ak bouton yo pou ede itilizatè yo konprann opsyon yo pi byen.

  • Bouton vèt pou Ajoute a se pou ajoute yon moun sou rejis istorik Ab Jeneyalojik Family Search la. Si zansèt la deja sou Ab Jeneyalojik la, bouton Ajoute vèt la pral pou ajoute yon detay oubyen yon enfòmasyon sou paj zansèt moun nan.
  • Bouton Konpare mov la se pou deside si moun ki sou rejis la se menm nan ak moun ki sou Ab Jeneyalojik la. Si se sa, ou kapab atache rejis lan sou pwofil moun nan.
  • Bouton detache a se pou retire koneksyon ki genyen ant rejis istorik la ak moun ki nan Ab Jeneyalojik. Ou ta fè sa si w te dekouvri ke moun ki sou rejis istorik la diferan ak moun ki mansyone sou Ab Jeneyalojik la.
New Look_ 2nd Image.png

Nou te kreye yon lòt pano vizyon separe sou kote dwat ekran an pou revize rejis yo ak pwofil moun sou Ab Jeneyalojik la.

  • Pano an se yon adisyon enpòtan sou Lyen Sous la paske li pèmèt ou gade enfòmasyon sa a san w pa kite zouti a.
  • Pano a ouvri lè w klike sou non moun nan oubyen klike sou bouton an pou gade rejis la.
Èske sa te itil?